Articles

Affichage des articles du 2018

Lanmou 2💞💗

Lanmou bèl Men fow gen fyèl Relasyon fet a 2 li pa fet a on sèl Gen relasyon ki telman anmè li konn tankou fyèl Lanmou tankou bijou Lanmou se on kout dlo cho on kout dlo fret Lanmou se  tankou w te fou Lanmou few tankou on timoun ki fek fet Gen lamou dous Gen lanmou doudous Gen lanmou salé Gen lanmou sikre salé Vinn dim nan ki kan w kanpe💞💗 Lanmou By Ash_Rosier

Lanmou💗💞💫

Image
Ou ka renmen💞ou pa damou💗 Ou ka renmen tou epiw tou fou✊ Lanmou pa ni de ni twa bagay ke yon santiman ou gen nan fon kew pou yon lot moun On santiman ki bel, ki inik ou gen nan ou. On santiman ki mande sakrifis On santiman ki dou e lis On santiman ki ka few tris On santiman ki ka few kiss Santiman sa telman bel lew genyenl nan kew ou tankou yon timoun piti Li ka few reyaji tankou timoun tet di Li ka few depale e di saw pat vle di Li ka fe kew dous e an menm tan di Aprann renmen✊renmen ak tout kew e gade jan lavi bel..💞  #Lanmou💗💞✊ By_Ash Rosier.

Ou poko janm damou💗💞

Ou poko janm damou si lè w wel kèw pa sote Ou poko janm damou si lè maten lew leve ou pa anvi tandel Ou poko janm damou si se pa avel ou vle rete on sel kote Ou poko janm damou si ou pa anvi fou lew poko wel Ou poko janm damou si ou poko anvi pase tout viw a moun sa Ou poko janm damou si ou poko janm enpasyan tande vwa moun sa Ou poko janm damou siw poko janm dil nan ki pwen ou renmenl Ou poko janm damou siw pa janm di lot moun désolé mrenmenl Ou poko janm damou si ou pa fe moun sa konfians Ou poko janm damou si ou poko janm pase on jounen sanw pa panse avel Ou poko janm damou si ou poko tankou Grey oubyen Ana nan 50 nyans Ou poko janm damou siw pa montrel nan ki pwen ou vle avel.  #OuPokoJanmDamou💞💗💗 By_Ash(Ahisha) Rosier.