Articles

Se ou kem vle

Cheri se ou kè m vle Se ou ke m vle Mte few promes poum te toujou renmenw Mpromet ou map toujou kenbe promes mwen poum renmenw Menm si nou pa ansanm Sam santi pou ou a toujou ret menm jan B se ou m vle pou la vi E se avaw mvle pataje vim Ou se mwatye m Ou konblem Lem avew msantim fanm Lem pa avew msantim san nanm Paske se ou ki konblem. Se ou kem vle.

Sel ou.💗💞💞💞

Image
Sel ou ki fe kèm bat Sel ou m damou Sel pou ou kèm bat Sel pou ou m fou. Sel ou ki fem viv Paske san ou mpaka viv Sel ou ki fe bonèm E avew mwen wè bonèm. Sel avew m vle ye pou letènite E avew map ye pou letènite Yo di nan vi a chak moun gen ti grenn pa io Ti grenn pam lan se ou Nan yeux m plis ke lò ou vo Ti kèm bat fò chak lè l wè ou Sim se Juliette bb wap Roméo Sel ou ki fè ti kèm bat fò nan eta sa Vini bb ansanm nap fè ti pa sa.  #SèlOu.💞💞

Joyeux Saint Valentin

Image
 Saint Valentin se fet lanmou Saint Valentin se fet partaj Saint Valentin se fet moun ki damou Saint Valentin se fet moun ki gen menaj Saint Valentin se fet bisous Saint Valentin se fet moun ki damou  a nenpot laj Lanmou son bagay ki bel Lanmou son bagay ki dou Yo souvan di Pouw damou fow gen fyèl E tou depi yon moun damou li fou Ebyen cheri jodya map profite diw mw fou, paske m damouw.  #JoyeuxSaintValentinAll💗💞

Paske m renmenw💗💞

Image
Paske m Renmenw. Cheri, Mwen Renmenw pase de je nan tèt mwen. Mwen Renmenw pase tèt mwen. Premye fwa m damou nan eta sa, mpaka kontrole tèt mwen. Ti doudou fem konfyans vinn met menw nan men mwen. Bae Sa fè lontan manvi diw sa Men m pat janm jwenn okazyon poum diw sa Mrenmenw e m kwew santi sa Pa di le kontrè, ann fè on sèl ak santiman sa Papi Avew mvle ye Depi n ansanm, nenpot janl ta ye Pour le meilleur et pour le pire, ansanm nap ye. A jamè e pou tout tan, avew mvle ye. Paskem renmenw💞💗

Lanmou 2💞💗

Lanmou bèl Men fow gen fyèl Relasyon fet a 2 li pa fet a on sèl Gen relasyon ki telman anmè li konn tankou fyèl Lanmou tankou bijou Lanmou se on kout dlo cho on kout dlo fret Lanmou se  tankou w te fou Lanmou few tankou on timoun ki fek fet Gen lamou dous Gen lanmou doudous Gen lanmou salé Gen lanmou sikre salé Vinn dim nan ki kan w kanpe💞💗 Lanmou By Ash_Rosier

Lanmou💗💞💫

Image
Ou ka renmen💞ou pa damou💗 Ou ka renmen tou epiw tou fou✊ Lanmou pa ni de ni twa bagay ke yon santiman ou gen nan fon kew pou yon lot moun On santiman ki bel, ki inik ou gen nan ou. On santiman ki mande sakrifis On santiman ki dou e lis On santiman ki ka few tris On santiman ki ka few kiss Santiman sa telman bel lew genyenl nan kew ou tankou yon timoun piti Li ka few reyaji tankou timoun tet di Li ka few depale e di saw pat vle di Li ka fe kew dous e an menm tan di Aprann renmen✊renmen ak tout kew e gade jan lavi bel..💞  #Lanmou💗💞✊ By_Ash Rosier.